Pati RASIN kan pèp leve vwa kont presyon diplomatik Kanada ak Etazini sou KPT a
Pati politik RASIN kan pèp denonse presyon diplomatik Kanada ak Etazini ap fè sou konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) a, apre konseye-prezidan Fritz Alphonse Jean te rann piblik kèk echanj li te genyen ak diplomat peyi sa yo. Daprè pati a, presyon sa yo vize anpeche KPT a kontinye demach li pou chanje Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak ekip gouvènman li a.
Nan yon deklarasyon ofisyèl Marc-Arthur Fils-Aimé, Sekretè Jeneral, ak Camille Chalmers, Pòtpawòl pati a, siyen, yo pale de yon entèferans klè nan zafè entèn peyi a. Yo estime mesaj sa yo se yon prèv mepri ak awogans ki vle antere souverènte nasyonal la.
RASIN Kan Pèp pa kache li rekonèt echèk KPT a nan kesyon sekirite, grangou ak òganizasyon eleksyon jeneral yo. Men, selon pati a, echèk sa yo pa bay okenn pouvwa etranje dwa pou vin enpoze volonte li sou pèp ayisyen an, ni pou trete Ayiti tankou yon savann.
Nan sans sa a, pati a ankouraje manm KPT a ki gen diyite ak kouraj rapousib pwosesis chanjman gouvènman an malgre presyon yo, epi pran dispozisyon pou konvoke anbasadè Kanada a ak chajedafè Etazini a pou raple yo limit wòl diplomatik yo, jan Konvansyon Vyèn nan egzije li.
Tout je pèp ayisyen an fikse sou KPT a. Se pa yon kesyon diplomasi sèlman, se yon kesyon diyite, respè epi istwa. Chak manm KPT a gen devan li swa chwa pou kanpe dwat nan non pèp la, oubyen chwa pou aksepte souflèt la an silans. Konseye prezidansyèl tranzisyon yo gen randevou ak listwa.
Voix libre info, pas neutre, pas soumis, radicalement libre.
.jpeg)
Commentaires
Publier un commentaire