KORIPSYON SEKSYÈL, YON KATASTWÒF KI PA FÈ BRI NAN LEKÒL AK INIVÈSITE YO NAN PEYI D AYITI.
KORIPSYON SEKSYÈL, YON KATASTWÒF KI PA FÈ BRI NAN LEKÒL AK INIVÈSITE YO NAN PEYI D AYITI.
KORIPSYON SEKSYÈL SE YON FENOMÈN KI TOUCHE ANPIL SEKTÈ NAN SOSYETE AYISYEN AN, LEKÒL AK INIVÈSITE MALEREZMAN PA EPANYE. NAN ENSTITISYON KI SANSE ESPAS POU MOUN APRANN NAN EGALITE, KORIPSYON SEKSYÈL PRAN FÒM PRESYON OTORITE YO FÈ, TANKOU PWOFESÈ OUBYEN MANM PÈSONÈL ADMINISTRATIF POU JWENN YON FAVÈ SEKSYÈL NAN ECHANJ NÒT, PWOMOSYON OU ÈD AKADEMIK.
Viktim abi sa yo ap konfwonte souvan yon dilèm ant denonse ak riske karyè akademik e pwofesyonèl yo oubyen silans ak soufrans. Nan temwanyaj plizyè viktim, n ap mete limyè sou reyalite envizib sa e tante konprann kòman yo kapab konbat fenomèn sa byen.
Yon ansyen etidyan fanm nan fakilte syanzimèn nan inivèsite leta d Ayiti, ki te nan depatman travay sosyal, ki kache idantite li, rakonte kijan direktè memwa li a t ap ensiste l, destabilize l, tizonnen li. "Pwofesè a te di m nan yon vwa sevè, menm yon fraz mwen pa kapab fè, travay mwen an medyòk anpil, li pa p ka akonpanye m. Se te yon estrateji pou destabilize mwen, pou m parèt fèb devan vye pwopozisyon li ap gen pou fè m. Li te entèdi m rele li pou zafè memwa, li di m rele l pito pou lòt koze ki pa gen rapò ak lekòl. Mwen te vit konprann, li bezwen kouche mwen. Lè mwen refize pwopozisyon an, li pa te janm korije travay mwen an. Se gras ak yon lòt pwofesè mwen te rive soutni memwa m lan." Etidyan fè konnen tou, li pa inik fanm pwofesè a fè bagay sa.
Naïka, yon non viktim sila prete, se yon ansyen elèv lise Louis Joseph Janvier nan komin kafou nan depatman lwès, rakonte peripesi li nan lise sa.
"Sansè lise Louis Joseph Janvier a nan epòk 2015 te fasilite mwen rantre nan lise Louis Joseph Janvier paske m pa te gen lajan pou mwen rantre nan kolèj. Plizyè fwa li pwopoze pou mwen sòti ak li pou nou kouche ansanm. Mwen pa te aksepte, pou rezon sa mwen ak li pa gen bon rapò. Sa ki fè mwen te elèv ki te pran plis sanksyon nan lise a."
"Mwen konnen byen yon pwofesè ki fè plizyè kou nan fakilte l'institut d'études et de recherches africaines d'Haïti (IERAH/ISERSS) ak lekòl nòmal siperyè ki toujou bay rezilta egzamen li jis aprè rezilta pasyèl fakilte a. Estrateji sa pèmèt etidyan fanm yo vin negosye ak li, fè sèks ak yo pou li fè yo reyisi egzamen an. Mwen konnen plizyè etidyan ki viktim nan pratik sa, men ki pè denonse pwofesè a paske li toujou fè konnen li se ougan, li ka manje moun." Se deklarasyon yon ansyen etidyan gason nan IERAH/ISERS ak ekòl nòmal ki vle kache idantite li.
Koripsyon seksyèl, yon gwo pwoblèm sistemik
Koripsyon seksyèl nan inivèsite ak lekòl yo pa yon pwoblèm izole. Plizyè ankèt montre chaje ka sa yo nan divès lòt enstitisyon piblik ak prive, sitou nan izin faktori yo. Genyen pwofesè, etidyan ak viktim ki montre plizyè faktè ki ankouraje enpinite sa:
- Pa gen yon mekanis efikas pou denonse sa: anpil inivèsite pa genyen yon estrikti ki adapte pou resevwa plent yo.
- Viktim oubyen temwen yo pè pou sa pa gen konsekans sou karyè akademik ak pwofesyonèl yo.
- Silans, nan sosyete ayisyèn lan, pale sou tizonnay rete yon sijè tabou.
Ki inisyativ ki dwe pran pou konbat koripsyon seksyèl?
Fas ak fleyo sa, kèk pwofesè, etidyan ak elèv prezante kèk eleman solisyon:
- Mete yon selil denonsyasyon diskrè pou pwoteje viktim yo.
- Bay otè zak sa yo gwo sanksyon, menm mete yo deyò nan inivèsite ak lekòl yo.
- Sansibilize pou ankouraje etidyan yo pale ak defann tèt yo.
Li enpòtan pou denonse
Koripsyon seksyèl nan inivèsite ak lekòl yo detui vi ak avni anpil etidyan ak elèv. Li enpòtan pou denonse abi, epi akonpanye viktim yo, sanksyone koupab yo pou edikasyon kapab rete yon dwa, e se pa yon zouti echanj oubyen twokaj. Enstitisyon yo dwe adopte yon politik zewo tolerans fas ak fòm koripsyon sa.
Yon pwofesè nan travay sosyal nan inivèsite leta Ayiti a ankouraje viktim oubyen temwen koripsyon seksyèl, pou pa ezite pale ak chèche soutyen nan men asosyasyon ak òganizasyon ki espesyalize. Pale, sispann fè silans, se deja yon premye pa pou jwenn jistis.
Lominy EDMOND, Jounalis/Avoka/Psycho-énergéticien
Se yon fleyo ki ap sakaje espas piblik ak prive yo. Malerezman bouwo yo kontwole anpil espas nan lajistis la.
RépondreEffacerMèsi mèt Edmond pou bèl Travay sa ou fè a, kontinye e kenbe konsa, tout pwoblèm sa se sistem jistis la ki efondre, Moun yo pè pale , di dyab Bonjou lap manjew, pa dil bonjou lap manjew, pito nou pale, pa ret bwa kwaze
RépondreEffacerMèsi
RépondreEffacer